top of page
NYCSBRN_Background.png

Èske ou se yon ti biznis?

Nou la pou nou ede ou.

Jwenn konsèy ak resous pèsonalize pou biznis ou.

chamberlogos4.png
LearnMore

RESTORAN

"Kijan mwen kapab fè restoran mwen an konfòme l ak egzijans restorasyon an plennè yo?"

N ap ede w jwenn sèvis yon ekspè atravè youn nan patnè nou yo.

SI OU SE YON TI BIZNIS NAN NYC — NOU KAPAB EDE

What We Offer

KISA NOU OFRI

Pandan biznis ou an ap ouvri oswa rewouvri pòt li, Espesyalis pou Sipò ti Biznis ki sou teren nou yo kapab ede w grandi biznis ou a.

SIBVANSYON AK PRÈ

MAKETING DIJITAL

MIZ AN LIY

NEGOSYASYON LWAYE

PLANIFIKASYON BIZNIS

Plizyè ti biznis bezwen yon pi bon prezans sou entènèt pou yo konpetitif sou mache travay la jounen jodi a.

Ti Biznis NYC a: Pwogram Open + Online te pèmèt kreye bonjan sitwèb gratis (pa ezganp komès elektwonik) ak nouvo logo pou yon santèn ti biznis pou ede yo vin konpetitf nan ekonomi dijital la.

 

Pa ezite kontakte nou pou konnen kijan yon prezans nimerik kapab ede ti biznis ou a.  

OpenOnline
Sign Up

KONEKTE AVÈK NOU

Tanpri kontakte Chanm Komès lokal ou a pou jwenn plis enfòmasyon:

Bronx: Helpdesk@bronxchamber.org

Brooklyn: BCC-covid@brooklynchamber.com

Manhattan: Helpdesk@manhattancc.org

Queens: Recovery@queenschamber.org

Staten Island: Businesshelp@sichamber.com

Who We Are

KIYÈS NOU YE

DESÈVI TI BIZNIS YO

SE SA K FÈ NEW YORK, NEW YORK

Rezo Resous pou Ti Biznis nan NYC se yon apwòch global ki la pou ranfòse ekonomi Vil New York ak ede ti biznis yo. Nou te kreye rezo a pou nou sipòte rezilyans ti biznis yo lè nou ofri yo konsèy pèsonalize nan moman w ap fè ouvèti ak rewouvèti.

Pou reponn avèk kriz plis pase 230,000 ti biznis nan vil la t ap fè fas ak li nan kòmansman pandemi COVID-19 la, nou te òganize yon kolaborasyon ekstrawòdinè moun New York ki angaje yo nan retablisman ti biznis nan kominote nou yo.

N ap eksplwate relasyon nou yo avèk sektè sèvis antrepriz, finansye, ak pwofesyonèl, epitou inivèsite, filantwòp ak ekspè volontè yo pou ede pwopriyetè ti biznis yo genyen aksè avèk yon varyete pwogram ak sèvis.

Patenarya piblik-prive nou an te lanse gras ak yon don plizyè ane ki soti nan Fondasyon Peter G. Peterson ki sitye nan New York. Koperasyon pou Devlopman Ekonomik Vil New York te bay finansman siplemantè ak kontribisyon an nati ki soti nan men lòt patnè.

NYCSmallBusinessRecoveryNEtwork_Image.png
bottom of page